top of page
Image by Jon Tyson

Règ Konkou Videyo/Reel

Icons for 2026 Media Contest Website.png
Icons for 2026 Media Contest Website.png

Kisa?

  • Pran kamera ou, rekrite zanmi ou yo, epi kreye yon videyo oubyen yon reel.

  • Fim nan mòd pòtrè.

  • Limit videyo a se 15-30 segonn.

  • Sèvi ak youn nan tèm yo: Lespri ki an sante, Avni ki an sante. San alkòl oubyen san vape, oubyen kreye yon videyo orijinal ak mesaj prevansyon pozitif ki vize pataje poukisa plis adolesan chwazi pa bwe alkòl, pa gen vape epi viv yon vi ki an sante.

  • Ede lòt elèv yo kontinye fè chwa ki bon pou sante yo

  • Gagne (2) Èdtan Sèvis Kominotè pou Chak videyo

Poukisa?

  • Tout elèv K-12 nan Palm Beach ka antre, sa gen ladan elèv ki nan lekòl lakay, lekòl endepandan, ak lekòl prive.

Kies? 

Kijan?

Dat limit pou resevwa tout patisipasyon yo: 31 janvye 2027

Kile?

  • Monetary Prizes

  • Winners’ videos will be shown on local media and social media

  • Aired on WPEC-TV CBS 12

Poukisa?

Palm Beach County Behavioral Health Coalition (PBCBHC) gen dwa vann, kopi, repwodui oswa itilize dwa sa yo jan PBCBHC vle. Akò sa a bay avèk konesans lib sou dwa yo transfere bay PBCBHC. Akò sa a fèt san restriksyon oswa limit tan san okenn konpansasyon adisyonèl apa de bousdetid ak kat kado yo bay ganyan yo. Yo p ap retounen okenn patisipasyon. 

Gradient Background
Icons for 2026 Media Contest Website.png

Prensip debaz konkou videyo a: sa pou fè ak sa pou pa fè

Kisa pou w fè? 

  • Sèvi ak tèm nan (Lespri ki an sante, Avni ki an sante san alkòl oswa san vape) OSWA sèvi ak tèm orijinal ou a ak yon mesaj prevansyon pozitif.

  • Travay poukont ou oswa ak yon gwoup sou devlopman pwòp konsèp videyo ou.  

  • Anrejistre videyo patisipasyon ou a avèk yon minimòm èd oswa direksyon nan men lòt moun

  • Kreye yon videyo ak yon mesaj pozitif sou poukisa yon moun ta dwe rete san alkòl oswa san vape epi jwi yon vi ki an sante. 

  • Mete yon reyalite/enfomasyon (vèbalman oswa tape) sou kijan vape oswa alkòl afekte jèn yo 

  • Site reyalite ou a. Gade Reyalite yo.

  • Videyo patisipasyon yo ka genyen mizik ki te kreye pa ou menm oswa pa yon moun ki ba ou pèmisyon alekri pou itilize mizik yo a.

  • Patisipan(yo) dwe sèten ke moun ki bay pèmisyon pou itilize mizik yo a posede dwa mizik sa a. 

  • Kenbe imaj ak mesaj yo pozitif. 

  • Pataje mesaj ou an Anglè, Panyòl, oswa Kreyòl Ayisyen.  

Kisa w paka fe?

  • Foto oswa mesaj ki fè pè (pa egzanp, aksidan machin, moun ki mouri nan lapenn, tonm, elatriye)

  • >>>ANKÒ: PA FE TAKTIK POU FÈ PÈ, RETE POZITIF!!!

  • Materyèl ki pwoteje pa dwa otè (pa egzanp, Bob Esponj, Batman, elatriye)

  • Kopye lide yon moun. Tanpri pa itilize AI. 

  • Pwodwi mak, mak komèsyal, oswa logo (pa egzanp, Snickers, Doritos, Coke, elatriye).

  • Nenpòt konpòtman vyolan, danjere, oswa ilegal nan kreye yon videyo antre.  

  • Foto pwodwi vaping oswa alkòl nan videyo w la.

  • Sèvi ak "Pa fè sa," olye de sa di yo sa ou vle yo fè. 

bottom of page